Articles on: Kont
This article is also available in:

Kijan Pou voye koli ou byen fasil avèk ShippEx

Kijan Pou Voye koli ou byen fasil avèk ShippEx


Voye koli ou avèk sèvis nou yo se yon bagay ki rapid epi senp. Men kòman w'ap kapab fè sa etap pa etap:


Etap 1: Kreye yon Kont


Pou kòmanse, ou dwe kreye yon kont sou sit nou an shippex.net/register.

Lè ou kreye kont ou, asire ou bay bon jan enfòmasyon sou ou tankou adrès imel ou, nimewo telefòn ou, ak adrès aktyèl ki tou pre ou a.


Etap 2: Kopye Adrès Livrezon Ou


Lè kont ou fin kreye, konekte sou li epui aksede nan Dashboard ou.

Ansuite, kopye adrès livrezon ke sistèm nou an ba ou an.


  • Si se ou menm k'ap voye'l, ajoute adrès la kòm adrès livrezon sou sit kote wap achte pwodui a, tankou Amazon, pa egzanp.
  • Si se yon zanmi oswa manb fanmi ou ki nan peyi etranje ki ap voye yon koli pou ou, pataje adrès la avèk li.


Fòma adrès la varye selon metòd livrezon an.

Asire ou chwazi fòma adrès ki apwopriye , se swa AVYON oswa BATEAU.


  • Pou Livrezon pa Avyon :
    • Fòma Adrès la :

Non ou + Prenon ou / HT0XXX / A

0XXX Adrès

Vil, Leta, 3XXX


  • Pou Livrezon pa Bato :
    • Fòma Adrès la :

Non ou + Prenon ou / HT0XXX / B

0XXX Adrès

Vil, Leta, 3XXX


Pou plis enfòmasyon, ou ka gade videyo sa a:

Lien nan videyo a.


Swiv etap sa yo, ou pral kapab voye koli ou byen fasil avèk ShippEx.


Si ou gen lòt kesyon oswa ou bezwen èd, tanpri pa ezite kontakte ekip sipò kliyan nou yo.


Mèsi pou ou chwazi sèvis nou yo, epi nou ap tann ou avèk pasyans pou nou ka ede ou!

Updated on: 03/10/2023

Was this article helpful?

Share your feedback

Cancel

Thank you!